[vc_row full_width= »stretch_row_content_no_spaces »][vc_column][vc_column_text]

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row]
[vc_row][vc_column][vc_column_text]

 HANDS OF THE PRIME MINISTER

 

Yon liv tou nèf, avèk anpil foto, trase pakou ak defi Laurent Salvador Lamothe te viv kòm ansyen Premye minis peyi Dayiti. Liv sila, ki gen yon prefas Sean Penn ak yon entwodiksyon fotojounalis Phillip Holsinger, pibliye nan 4 lang : anglè, kreyòl, fransè ak espanyòl. Foto yo tradwi konpasyon ak pasyon Laurent Salvador Lamothe pou pèp ayisyen an.

[/vc_column_text][vc_row_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text]Lamothe in Haiti[/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text]PM Laurent Lamothe[/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text]Orphans in Haiti[/vc_column_text][/vc_column_inner][/vc_row_inner][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]Liv la fè bilan 2 lane pase an Ayiti ap obsève devlopman li : lekòl yo, estad yo, lopital yo, wout yo, pon yo, pwogram sosyo yo, travay pwoteksyon kont inondasyon, mache minisipal tou nèf ak nouvo vizaj popilasyon ayisyèn nan.

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column width= »1/3″][vc_column_text]Working in Haiti[/vc_column_text][/vc_column][vc_column width= »1/3″][vc_column_text]Developing Haiti after Hurricane Matthew[/vc_column_text][/vc_column][vc_column width= »1/3″][vc_column_text]Lamothe in Haiti[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

Amelyore edikasyon ak Pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis e obligatwa (PSUGO)

Daprè yon estimasyon Ministè Edikasyon nasyonal peyi Dayiti, 43 992 lekòl te pran gwo frap nan tranbleman tè a, kote 23% ladan yo te andomaje oubyen kraze plat. Lamothe ak Gouvènman li an te wè li te nesesè pou yo idantifye nouvèl sous revni gras ak mekanis finansman inovan yo, sitou pou edikasyon. Yo te ekzamine tout sous revni disponib nan peyi Dayiti e rapidman yo te mete sou plas yon mikwokontribisyom sou tout transfè lajan kap fèt pa milyon Ayisyen kap viv aletranje (Dyaspora) nan direksyon peyi Dayiti. Ti kontribisyon sa a, mele ak sa ki fèt sou apèl telefonik entènasyonal antran nan peyi a, te pèmèt finanse pwogram edikatif gratis pi konprehansif peyi a pa janm konnen.

[/vc_column_text][vc_row_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][/vc_row_inner][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

Pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis e obligatwa (PSUGO) te fèt

72 lekòl te konstwi e 1,4 milyon timoun te rive jwenn yon edikasyon gratis de kalite. Nan anpil ka, timoun sanzabri yo te loje nan pansyona e frekantasyon eskolè nan nivo elemantè te ogmante de 55% a 90%.

[/vc_column_text][vc_row_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][vc_column_inner width= »1/3″][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column_inner][/vc_row_inner][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

PSUGO a te ede tout timoun ki pat janm gen opònite ale lekòl yo ak sila yo lekòl yo te kraze nan tranbleman tè a. Kòm dwa pou edikasyon garanti nan manman lwa peyi Dayiti, lide se te ofri edikasyon pou tout moun, sitou sila ki pi defaforize yo. PSUGO a se te yon mwayen pou soulaje paran yo ki te vin pi pòv apre tranbleman tè a. Plat manje gratis pou timoun yo se te yon mwayen tou pou ede fanmi yo epi redwi povrete a.

Pwogram PSUGO a te yon branch limyè pou moun yo. Gouvènman an te pote èd li bay popilasyon an nan yon peryòd destriksyon ak gwo nesesite, alòske li pat gen mwayen pou l te okipe pwòp tèt pa l.

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row]