OBJECTIF NOU
Fondasyon Dr. Louis G. Lamothe rekonèt konesans se pi gwo zam nou dwe mete devan pou rann transfòmasyon sosyal posib e objektif nou, nan sans sa a, se:
Ankouraje pwomosyon konsiltasyon piblik nan mitan rezo òganizasyon kominotè yo pou mennen yo konstwi wout pou yon transfòmasyon sosyal total kapital.
Fè pwomosyon pratik konstriksyon aksyon tèt ansanm nan mitan rezo òganizasyon kominotè yo a travè de aktivite antreprenarya sosyal y ap mete sou pye;
Kontribiye nan otonomi yo ak Ranfòse kapasite yo nan ofri de bous nan domèn agrikilti, pwoteksyon anviwònman, pèfeksyònman nan lang espayòl nan lide pou tabli bon jan echanj ak de gwoup chèchè inivèsitè atravè tout kontinan yo pou swivi analiz povrete sa fèt nan rejyon Fondasyon an ap fè entèvansyon.