[vc_row][vc_column][vc_column_text][/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

ETID YON KA DESPÈS

Fondasyon Doktè Louis G. Lamothe  deside mete an plas yon pwojè agrikilti solid Nan Panyòl, Ayiti,  k ap koute anviwon 500 000 dola konsa.

Pwojè sa a,  k ap gen pou dewoule sou yon peryòd twazan (3zan), dwe ranfòse kapasite sistèm pwodiksyon an enpi ankouraje maketin ki nesesè pou reyalizasyon pwojè agrikòl yo, rebwaze mikwo-basen nan mòn yo enpi amelyore jesyon resous dlo yo.

Malgre  fòs potansyèl agrikòl  lokalite  a, abitan Nan Panyòl pa rive jenere ase revni pou rezoud bezwen  de baz yo.

Sa gen pou wè :

– Ak fikite pou yo gen aksè  a bon jan  angrè  ;
– Anpil defisi aprè rekòt, ki sitou  rive akoz pwoblèm mank konsèvasyon pwodwi yo e nan jan kondisyon transpò pwodwi agrikòl yo fèt pou rive nan mache ;
– Kesyon bès randman agrikòl, akoz latè a k ap deboule nan pant  yo;
– Secherès manch long  ki gen pou wè a enpak chanjman klima ;

Bi pwojè a se ogmante jiska 30% randman agrikòl Nan Panyòl, ranfòse kouvèti vejetal  mikwo basen nan mòn yo, estabilize pant yo enpi amelyore itilizasyon dlo nan ravin yo ak ranfòse sistèm komèsyalizasyon agrikòl la.

Patisipasyon aktè responsab yo nesesè pou asire jesyon dirab enfraestrikti  ki dwe enstale Nan Panyòl.  Nou anvizaje reyalize, pou koumanse, plizyè seyans fòmasyon sou chapant òganizasyonèl ak jesyon finansye. FLGL gen lentansyon devlope patenarya ak plizyè enstitisyon ki espesyalize nan ranfòsman òganizasyonèl, yon mannyè pou pèmèt asosyasyon ki déjà egziste yo,  jwe patisyon pa yo ak plis efikasite sou wout devlòpman Nan Panyòl

Fondasyon an gen pou antre an kontak ak divès founisè entran agrikòl (semans, zouti, pwodwi fitosanitè, angrè) nan lide pou louvri yon boutik entran pa twò lwen Nan Panyòl. Fondasyon an  ap sévi tou kòm pwen kontak founisè yo ak possibilite pou òganize de seyans fòmasyon ki pra l pèmèt  agrikiltè yo familyarize yo ak itilizasyon pwodwi yo. Anplis, Fondasyon an ap fasilite de patenarya komèsyal ant asosyasyon plantè yo Nan Panyòl ak pwopriyetè sipèmache nan sa ki konsène ekoulman  pwodwi sa yo.

Fondasyon an antann mete sou pye yon ansanm de mezi pou rive sansibilize popilasyon lokal la sou pwoblèm ewozyon sòl la nan mikwo basen vèsan yo.  Plizyè seyans fòmasyon gen pou abòde de kesyon tankou degradasyon sòl yo, enpak chanjman klima ak rebwazman.  Kolektivite lokal la, ansanm ak elèv lekòl yo, gen pou enplike nan jounen plante pye bwa. Nou prevwa mete nan tè anviwon 6 mil pye bwa nan koumansman pwojè a. Chak lane, elèv lekòl ak pwopriyetè tè ki plante enpi pwoteje plis pye bwa, ap gen chans pou resevwa yon pri ankourajman.

Nou gen pou n konstwi  basen kolinè pou n sa pèmèt reyitilizasyon dlo ki ta ka al fè dega nan ravin, pou n sa limite dega inondasyon, pou n kontwole ewozyon sòl yo enpi amelyore kondisyon ekolojik ak klimatik  zòn lan. .

Ranfòsman kapasite, simaye enfòmasyon, fè fòmasyon enpi kreye patenarya ak ministè konsène yo, pra l reprazante kle siskè pwojè sa a nan mezi ke tout eleman nou sot site la yo, pra l fasilite diferant faz aterisaj pwojè sa a.  Fondasyon an kwè ke pi bon mannyè pou ede yon kolektivite, se mete aladispozisyon l de zouti pou l sa pran tèt li an chaj li menm. Fondasyon an pra l konsantre l sitou sou rechèch ak jesyon mwayen finansye, sou koneksyon ak kominikasyon ant diferan aktè enpi sou swivi pwosesis aksyon yo. Òganizasyon kominotè nan Panyòl yo, bò kote pa yo, gen pou enplike nan jesyon ak egzekisyon diferan konpozant pwojè a sou teren.

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row]