[vc_row full_width= »stretch_row_content_no_spaces » css= ».vc_custom_1483090843603{padding-top: 40px !important;padding-bottom: 40px !important;background-image: url(https://wp.goigi.biz/fondationlglwp/wp-content/uploads/2016/12/newhome-slider1.jpg?id=204) !important;background-position: center !important;background-repeat: no-repeat !important;background-size: cover !important;} »][vc_column][vc_column_text]

KONESANS
FOR SOCIAL
TRANSFÒMASYON

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

KI DIMANSYON SITWAYEN DR LOUIS G. LAMOTHE TE YE?

Lavi ak zèv Doktè Louis G. Lamothe se yon bèl temwayaj sou valè fondamantal ki dwe gide sosyete nou an pou l ka vin pi bèl. Gras a konba li mennen nan zèv li yo, kokenn entelektyèl ayisyen sa a te vle pou Ayiti fè pati entegral, an tout lejitimite, nan sen kominote Amerik Latin lan. Travay li yo se yon pledwari pou te fè kominote entènasyonal la dekouvri enpòtans bourad Ayiti te pote pou pèp Amerik Latin lan te jwenn libète, endepandans ak souverènte.

 

Malgre se te peryòd kote Ayiti te fenk pran lendepandans li, pwisans kolonyal yo te izole l, mete l sou kote, kenbe l anotaj. Men jèn nasyon sa a pat ezite konsanti de sakrifis pou defann kòz jis sa a pou te ride yo soti anba joug kolonyal. Pwojè istorik sa a te rive posib gras a konbinezon entèlijans, pasyon, konesans, konviksyon enpi solidarite lakay pèp la.

 

Nou jwenn mak fabrik detèminasyon pèp Ayisyen nan tout batay k ap rapousiv pou yon libète total kapital, pou jistis sosyal ak pwosperite pou tout moun, blayi.

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row full_width= »stretch_row_content_no_spaces » equal_height= »yes » parallax= »content-moving-fade » parallax_image= »96″][vc_column width= »1/6″][/vc_column][vc_column width= »2/3″][vc_column_text]

Dr Louis G. Lamothe fèt nan dat 11 Dawout 1926
e pasaj li kite tras nan diferan domèn, tankou espò,
Ansèyman siperyè, ansèyman lang Espayòl ak
piblikasyon sou travay divès gran powèt latinoameriken
soti 1850 pou rive 1950.[/vc_column_text][/vc_column][vc_column width= »1/6″][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

Aprè li te fin resevwa yon diplòm nan literati Espayòl nan peyi Chili an Novanm 1952, li te konplete yon doktora nan literati nan Madrid nan lane 1956. Kòm yon pwofesè eksperimante, li te anseye lang modèn nan INAGHEI (Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Wot Etid Entènasyonal) soti 1974 pou rive 1983 enpi nan Fakite Etnoloji soti 1980 pou rive 1995.

 

Li fonde Enstiti Lope de Vega nan lane 1962 et li dirije l jouk nan lane 1998. Se te fason pa l pou l te eksprime pasyon li te genyen pou kilti ispanik la enpi fè pwomosyon pou Espayòl an Ayiti. Enstiti Lope De Vega pèmèt anpil jèn Kad Ayisyen jwenn opòtinite konekte ak Amerik latin enpi lEspay nan sa ki gen arevwa ak echanj kiltirèl ak lòt domèn tou.

 

An menm tan tou, li te pote yon kokenn kontribisyon nan fè pwomosyon kilti ayisyèn pandan pasaj li kòm Konsil onorè peyi LaBolivi ak Surinam an Ayiti. Li te rete Konsil onorè peyi Suriname jouk 1999. Pandan karyè li, li te resevwa plizyè gwo distenksyon, pami yo:

Caballero de la Orden de Isabel la Católica (Madrid, Jiyè 1975)

 

Honneur et Mérite de la Orden mexicana del derecho y de la cultura (Mexico, Me 1964)

[/vc_column_text][vc_row_inner][vc_column_inner][vc_column_text]

LI KITE YON ERITAJ TRÈ RICH SOU TRAVAY LI TE PIBLIYE

Sòti 1956 pou rive 1996, li pibliye pou pi piti 13 zèv pou te
ankouraje aprantisaj Espayòl enpi fè plizyè jenerasyon k ap mounte dekouvri pi
byen kilti literati Amerik Latin ak Espayòl:

[/vc_column_text][/vc_column_inner][/vc_row_inner][/vc_column][/vc_row][vc_row full_width= »stretch_row_content_no_spaces » css= ».vc_custom_1485853136808{background-color: #557288 !important;} »][vc_column width= »1/6″][/vc_column][vc_column width= »2/3″][vc_column_text]

[/vc_column_text][/vc_column][vc_column width= »1/6″][/vc_column][/vc_row][vc_row][vc_column][vc_column_text]

Dr Louis G. Lamothe te marye ak Ghislaine Fortuney e inyon sa a te akouche 2 pitit gason, Ruben ak Laurent Salvador.

 

Li te transmèt tou 2 pitit gason l yo tout valè li te kiltive nan lavi pèsonèl li. Dr Louis G. Lamothe te yon foutbolè pasyone e li te pote anpil kontribisyon nan devlòpman espò an Ayiti. Li te ankouraje tou 2 pitit li yo jwe Tenis. Dr Louis G. Lamothe mouri nan dat 19 Novanm 1999.

 

Fondasyon Dr Louis G. Lamothe se yon inisyativ ki vle rann li omaj pou kokenn travay li yo ki dwe kontinye ankouraje yon sosyete san patipri boujonnen, nan tèt ansanm, an Ayiti .

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row][vc_row css= ».vc_custom_1485854248512{margin-bottom: 30px !important;border-bottom-width: 30px !important;background-color: #557288 !important;} »][vc_column][vc_column_text]

Mèsi pou kontribisyon w koulye a la a men m si w vle ride nou gen yon enpak pi enpòtan

 

[/vc_column_text][/vc_column][/vc_row]